Map salye tout moun kap li mesaj sa. 

Se vre Mwen fel pou yon group moun an patikilye, men sa map di a li nan interet piblik la dapre mwen.   


Jodi 12 janvye 2018, pandan mwen ta sipose ap Fe liminasyon pou klere wout kek nanm ki mal pou janbe, mwen blije pran tan m pou analize konpotman m  kom sevite lwa, kom Vodouyizant.  

Mwen se yon manbo makout, mwen inisye nan Sosyete Makaya Bizango, e lem vinn byen konprann istwa peyi m, istwa wout kolonisayion ak chimen Zanset yo depi lafrik jouk nan chenn zile nou an, mwen te realize ke se nan regleman ak disciplin rite asongwe a pote ke map pi alez... 

yon espas rich ak bel seremoni,  yon rite ke depi  nou pran san nou pou nou aprann tout bon vre , yon vi ka pa sifi...


Jodi a mwen wont anpil, pou konpotman hougan ak manbo ki gin ason nan men yo! 

Mwen konn wont deja wi... men nou konn lom... depi se pa sou nou yo rive... nou plenn, epi nou vire je gade nan lot direksyion... 


Sitou si moun ki sibi zak ak move konpotman a pa yon housi kanzo ladogwessan... 


Wi mwen wont anpil le map tande kijan yon manbo, yon swadizan se denye ap menase yon sevite lwa an publik... san peur, sans krent... lap bat lestomak li kom asogwe pou yon mezantan, pou yon malkonprann...  mwen wont paske yon metres deklare yon moun la ge, fel menas sou vi li, ap demontre moun nan ke tout ekip li , kidonk asogwe parey  li ka rive sou l, akonpaye li  nan menas ak aksyon malonet paske kom asogwe nap bal rezon kan menm...


nan ton pawol yo, nan pwa mo yo, pat gin spiritualite... pat gin sages, pat gin metriz... mwen pap juge kiyes ki gin tor ouswa rezon non... sa pat gadem. 


mwen konen e konpran sa kole ka fe kom dega, nan di sak pa sa, nan desann tet nou pi ba ke te, le kole ap pale se bagay led... 

wi... men kijan pou m fe kanpe deye yon fraternite, kijan poum fe kolonn ak yon klan, si sa wap fe yo, sa wap di yo mete kredibilite nou tout en jeu? 

Kijan pou m baw solidarité le se anba dra lwa ou kouvri menas ou yo?


Bay vag pa sifi... vire je lotbo pa sifi, kase kouvri dwe sispann!!

Li le pou nou jwenn yon metod pou denonse epi sanksione, korige hougan ak manbo kap fe menas, kap fe move zafe, kap fe krim, epi kap kache deye tit ak otorite ason bayo, nan non lwa yo, sou do Vodou a! 


Mwen Selide: mwen paka mache nan model solidarite san konsyans sa. 

Mwen pap bay malfekte apwi: 

mwen pap provoke peson... men mwen pap kosyione ankenn zak mafia... 

Pou m ka fe one lakay mwen,

mwen pap achte figu ankenn djeg, e mwen pare pou tout sak ka rive sou mwen. 


Gin tribunal pou tout krim, gin jugman pou tout koupab. 

Degaje nou gin rezon selman. 


Sispan kache deye grad nou: hougan, manbo, asongwe, makout, anpere, wa, renn, champwel , bizango, choche, boko, elatriye... met ak metres pa abesse yo nan menas. Siw gin ponyet, aji... afwonte inisye parey ou. 

Sispann fe moun pe! 

Siw vlem kom kolon, respekte tet ou, travay spirityalite w, fe yon vodou pwop epi gere rezon w!


Manbo Selide