Lapriyè Boukman


"Bon Dje ki fè la tè. Ki fè soley ki klere nou enro. 

Bon Dje ki soulve lanmè. Ki fè gronde loray. 

Bon Dje nou ki gen zorey pou tande. Ou ki kache nan niaj. 

Kap gade nou kote ou ye la. 

Ou we tout sa blan fè nou sibi. Dje blan yo mande krim. 

Bon Dje ki nan nou an vle byen fè. 

Bon Dje nou an ki si bon, ki si jis, li ordone vanjans. Se li kap kondui branou pou nou ranpote la viktwa. 

Se li kap ba nou asistans. Nou tout fet pou nou jete potre dje Blan yo ki swaf dlo lan zye. Koute vwa la libète kap chante lan kè nou." 

—-


Le dieu qui a créé la terre, qui a créé le soleil qui nous donne la lumière.
Le dieu qui détient les océans, qui assure le rugissement du tonnerre.

Dieu qui a des oreilles pour entendre : toi qui es caché dans les nuages, qui nous montre d’où nous sommes, tu vois que le blanc nous a fait souffrir.

Le Dieu de l’homme blanc lui demande de commettre des crimes.

Mais le Dieu à l’intérieur de nous veut que nous fassions le bien.

Notre dieu, qui est si bon, si juste, nous ordonne de nous venger de nos torts.

C’est lui qui dirigera nos armes et nous apportera la victoire.

C’est lui qui va nous aider.

Nous devrions tous rejeter l’image du dieu de l’homme blanc qui est si impitoyable.

Écoutez la voix de la liberté qui chante dans tous nos cœurs »